ayti resi gin yon prezidan

Fritz Dominique - May 6 2011, 8:28 PM

president Mattelly, map salie'w e map felicite'w pou ef ou fe pou'w ka rive nan tet pey ya.
si te gin bon profese pragmatique nan peyi ya yo ta dwe pran sak pase ave'w la pou yo bay com example lot fom competence ke nou bezwen nan peyi ya pou fe pey ya mache nou pa bezwen moun kap vin fe deba pale franse min de moun kap vin bay ide e kap montre koman nou ap kapab applique li.
Nou pa bezwen moun ki panse ke se yo ki pi bon min moun kap tande sa yon lot ap di e poul travay avek lot la pou yo kapab avanse ansam.

nou pa bezwen moun kap aprann tout mo franse pou yo ka montre lot moun ke yo fo pou yo ka fe lajan sou do pep la min yon moun kap chache kon ki de grinn mo poul itilise poul ka montre blan an ki sa pep la bezwen tout bon vre poul developpe.

nou pa bezwen moun kap fe ti sousou nan pye blan ak yon group mounn pou yo ka rete lontan sou pouvwa min, yon moun ki pa pe pale ak pepap depi se poul defann peyi'l ak pep li.
Nou bezwen yon moun ki konin ke ayti se peyi nou se la nou dwe gin byin e se la nou fet pou nou viv jusqu'a ce que nou mouri.

mwen we e mwen konnin ke ou gin tout kalite sa yo. viv preziden miky jusqu'a ce que pey ya gin lod la dann e pou blan konnin ke peyi ya gin met kounye ya e gin moun kap gere'l.Ke bondye protege'w tet kale ti yason.

Mesi.

Prenom: Fritz DOMINIQUE
Signature: Tet Kale
Numero tel: 8

Return to Message List