Congratulatsyon pou Mr Michel Martelly

Saintil Andre - May 14 2011, 7:42 PM

kongratulasyon Mr prezidan Michel Martelly.

Jodi-a rekonet se kome si ke se te premier jou ou te fet, se va yon long rale li va ye pou ou, mete tet ou sou epole ou, songe mem elmi yo toujou la yo pral manje sou mem tab avek ou depi mwen di ou sa ou deja sonje sa ki te rive Jezi kris. Kounye-a mwen pral mande ou 3 bagaj mwen konnen li tro bonner pou sa men mwen ta vle ou kenbe yo nan tet ou, Ki sa yo ye konsa.

1) Bagaj Mwen ta renmen ou fe yon fason pou fe aysyen join yon chance pou yo kapab entre nan yon office san ke yo pa gen yon rakete deyer do yo, paske le yon moun rive devan yon bureau ou join 25 moun selman 5 moun ki vinn pran service 20 lot moun yo se rakete yo ye, sa se pi gro problem pou payi d'ayti.

2} Bagaj Se Air port National le yon moun rive air port ou pa anvi sorti deyo paske ou pe avek moun ki devan air port d'Ayti ou pa konne kiles ki Taxi e kiles ki pa Tax, si pou payi d'ayti chanje depi air port pa organize ayti pap jam chanje, paske air port se mem jan avek Palais National, belte yon payi komanse air port avan, trop moun kap mande devan air port.
3} bagaj se pa pou kounye-a men sonje ou se moun Kotdefer mwen se moun Flammands sa mwen pral di ou la ou konnen li byen se (ROUTE) 44 pou entre Kotdefer-a, sonje ki mizer nou kon pase Lahate pou rive devan kaye ManMan mwen, yo te rele kote sa devan Elia ManMan mwen, paske depi lapli tonbe se la pou tout machine kanpe, pou yo manje Pin avek Tablet, tanpri Fre-m, mwen pa rele Prezidan mwen rele fre-m pa bliye mete sa nan livre ou. Kogratulasyon encore pou ou avek tout fami ou ke Bondiye proteje ou, pa bliye route la pafacil li gen pikan e li gen mizer, sonje le lapli-a pare Kotdefer se Mouyaje fouket li al tonbe.

Return to Message List