Congratulations! Chapo ba pou ou Msye Prezidan!

Francisse Jean-francois - May 21 2011, 11:38 AM

M-pa fe sa souvan non pou-m bay politisyen lide-m, menko-m m-sispek se pa men-m politik "plen poch naje pou-w soti-a", m-deside di yon ti mo jan nouvo Prezidan pemet li-a. Anvan-m di sa-m pral di-a, kite-m poze kek kesyon ke-map tou reponn.

1. Ki pwoblem fondamantal peyi dayiti toma?

Repons: Pa gen sekirite pou fe devlopman, pa gen respe pou otorite, pa gen otorite (se menm otorite-a kap fe dezod), pa gen jistis, moun pa fe leta konfyans.

2. Ki premye pa kita pou fet pou ankouraje biznis rantre nan peyi-a?

Repons: Prezidan ta sipoze gen yon gwo kodon sekirite tankou Obama epitou fome yon gouvenman solid paske premye pwoje li ta sipoze BATI PRIZON NAN TOUT PEYI-A pou mete VAKABON ANBA KOD.

3. Kijan gouvenman ka komanse fe sa?

Repons: Ogmante kantite polis yo nan lari-a tankou sa fet nan tout gran peyi (Etazini, Kanada, Lafrans, Langlete, elatriye...) epitou fe vote lwa pou refome polis la pou sispann koripsyon.

Fok polis la konnen ke-l ka ale nan prizon tou le-l abize pouvwa-l. Fok Gouvenman-an nome jij ki serye ki pap aksepte mele nan koripsyon epitou fok gen edikasyon ki fet pou moun sa yo kapral reskonsab sistem jistis la.

4. Ki kote gouvenman ap jwenn lajan pou-l komanse fe travay sa-a?

Repons: Tout moun konnen epitou Prezidan Martelly konnen ke "Vouloir c'est pouvoir", "Si gen volonte pou-l fet, li ka fet".

Kidonk: a) Tout jounen peyi-a ap resevwa ed lot peyi; b) Prezidan nou an pa yon malere, li konn kijan pou-l rantre kob lakay (fonnrezin ak tout djaz peyi-a, fonnrezin sou entenet, fonnrezin ak manm gouvenman-an, elatriye...); c) Peyi-a chaje ak lot resous ki ka pemet leta rantre kob. SE YON KESYON DE VOLONTE.

THANK YOU PRESIDENT MARTELLY FOR THIS OPPORTUNITY TO GIVE MY SUGGESTIONS! I KNOW YOU ALREADY HAD EVERYTHING I STATED ABOVE IN YOUR AGENDA.

I JUST WANTED TO EXPRESS MY SUPPORT TO YOU AND YOUR GOVERNMENT AS WE ALL HOPE FOR A BETTER HAITI.

AGAIN, CONGRATULATIONS!

Best regards,

Francisse

Return to Message List