Bonsoir monsieur le president de la republique

Talmarc Jobe - August 7 2011, 9:29 AM

Bonjou mesye le president de la republique, mwen kontan le fe ke mwen jwenn opotinite poum ekriw e mwen vle profite okazyon sa poum salyew e diw kenbe la pa lage nan konba ke wap fe pou ede pep ayisyen an, mwen vle diw osi presidan pa pran presyon kelkeswa moun nan pou kite yo vire tet ou nan bel travay ou gen pou fe nan peyi haiti an, mwen se yon jenn kap etidye an deyo peyi an men mwen ka diw mwen avek ou 100 pou 100,selman senate sa yo ki ap bloke peyi an ki pa we ke le yo fini pou yo sispann fe pep la soufri se yo ki te la depi lontan e jiskaprezan malgre yo pat fe anyen men kou yo we van chanjeman komanse soufle ebyen yo kanpe an kwa pou bare wout ou mon cher president mwen vle diw pa fe chwa premye minis kap nan entere neg sa yo si non sa kap nan entere pep la paske neg sa yo se moun yo bezwen ki pou vinn kontinye ede yo vole, e se yon seri de neg ki pat menm bon nan eleksyon kap fe bagay sa yo, li kle si se pep la ki te mete yo kote yo ye a yo pa tap aji konsa donk sa montre kle koman ke neg yo rive la, mon president et le president de tous les haitiens, fok enpinite fini nan peyi a fok neg sispann vole, pou sa fini fok ou gen yon moun ki ka edew fe jistis la mache janl dwe mache e bay tout moun ki dwe pran kod kod paske fok egzanp trase nan peyi sa pou neg pa konprnn yop toujou fe sa yo vle nan peyi an, mwen konte sou reisit ou prezidan e mwen rete kwe ke wap fe tout sa ki depan de ou pou mete yon fos de sekirite nan peyi a ki kapap patisipe nan developman peyi a, mon cher president encore une fois mwen konte sou kapasitew e kouraj ou pou ede peyi nou ale ve lavan pandan ke se tout ayisyen ki pou edew donk kite neg yo fe tenten ou menm pa dekourage kontinye travay avek plis fos pou pep la we ke ou vinn travay se vagabon sa yo ki ap bare wout pou ou epi kap bare wout pou pep la, mwen swetew sikse mon president, mwen swete peyi mwen an ak tout pep la sikse, gade presidan mwen we ou se neg ki prop, kontinye bay verite pou pep la we ki sa neg sa yo tap fe nan peyi a epi ranje tout sa ou we ki dwe ranje epi fe tout sa ki dwqe fet, neg sa yo se mechann yo ap wont paske yo ap we reisit yo e fok karye yo tou temine la, paske se jalouzi yo ap fe paske tann dat yo te la yo pat janm fe anyen ebyen kounye a yap bloke moun ki vle travay, se pou mete tout vagabon anba kob mesi mon cher president succes ke Bondye beniw ak fanmiw ke Bondye beni ayiti

Return to Message List