Edikasyon pou timoun yo.

Dirock - August 27 2011, 7:01 PM

Haiti finally have a president, who believe in education.

I salut you Mr President for your effort to help Haiti see the light by sending kids to school.

Men pi bon fason mwen ou te ka fe, pou mete timoun yo lekol.

Mr Prezidan ou te sipoze fe lekol nan chak gran katye popile, li tap pi bon, pi fasil.

Paske se konsa li ye nan peyi America gen lekol prime e sekonde nan chak city pou tout timoun ka ale gratis.

Si w ta fe l konsa an Ayiti se tap pi gro benediksyon pou peyi a. Le fini se ou menm selman ki tap resi fe yon bagay konsa pou Ayiti.

Malgre tou ou se sel prezidan Ayisyen ki kwe nan edikasyon.

Se rezon sa wi, ki fe yap bare w agoch adwat, pou pa reyisi.

Batay la se pa pou ou selman se tout Ayisyen ki pou met tet yo ansanm ak Prezidan an pou rev sa reyalize, pou nou ede peyi a pou n voye Ayiti moute.

Mwen, renmen peyi m mwen ta vle peyi m change, pou yo sispan di nan nouvel se nou ki pi mal, pi sot.Ayisyen, nou pa sipoze blye nou se yon pep vanyan, e nou vreman intelijan an sispan tire pit pou Ayiti ka avnse.

Ayiti ka avanse ak edikasyon, si nou kon li, kon ekri nap sispan detwi na pito bati. Mwen di w prezidan repiblik la, mesi pou komansman travay sa paske edikasyon ap retire n nan fe nwa ke Bondye beni w.

Return to Message List