respe pou neg onet ak neg lespri

Henrick Etienne - November 3 2011, 11:27 PM

Yon si bel ti peyi yo rele haiti kote tout lot nation gen je ouvri sou li, yo chwazi boy kotel akoz de prop pitit li.Le nou di prop pitit li sa vle di se gro neg lijan boje kap dirijel yo. Neg sa yo pa vle peyi mache paske poch yo pa janm finn ranpli, yo pa care pou tout moun kap domi nan la rue, pandan ke kote yo rete se rat ak ravet kap manje lajan vet ke yo vole sou tet peyi ya. konbyen timoun ki nan la rue kap fe zak malonet, ke vie yo te ka chanje si te genyen lekol ak ankadreman pou yo, kile tout haitien ap ka travay pou yo ede fanmi yo?

Kile haitien ap suspann pati al pran desepsyon nan lot peyi?

tanpri lage peyim poul ka mache, tanpri mare vole, bandi, asasen, malfekte kap fe tout zak kriminel nan peyim, ETAS UNIS pa peyim mwen vle vinn lakay mwen, mwen vle viv ak la paix nan peyim.Pep Haitien ann suspann kraze brize pou nou ka gen yon lot Haiti...

respe pou tout sa yo ki kwe nan yon Haiti miyo....

Return to Message List

Comments

Frantz Michel says...

Neg sa yo san pitye yo pa renmen ayiti epi nou menm nan peyi blan se lAKAY nou vle tounen pandan tou fre nou yo an ayiti rev yo se vin nan fredi sa epi desepsyon nan men blan pandan nou kite soley plaj lAKAY fok sa chanje Wyclef real revolutionary more »