Se Pou Leta Chaje Kriminel Pou Manje Nan Prizon Yo

Toulimen - December 15 2011, 6:34 PM

Se pou leta chaje kriminel tankou kidnape pou manje ak tout materyel ke yap itilize nan prizon yo. Tout moun ki touye moun tou dwe peye nan prizon yo tou e se pou yo fe yo fe travo fose tankou netwaye la ri ak chenn elektronik nan pye yo. Mete yo nan travay konstriksyon yo e fe yo debleye fatra ak mass beton nan la ri yo. Mete kriminel yo deyo chak jou e fe yo travay tankou bet san peye pou malandrin sa yo pa tounen nan kidnaping anko. Le malfekte ki poko anba kod yo we malandrin parey yo ap fe travo fose nan lari anba kontrol la polis yap sispan fe zak malonet paske yo deja konnen sa kap tan yo. Se paske Ayiti pa tof ak prizonye ki fe kidnaping pa ka fini.

Return to Message List