Li le pou ou kite ignorans e se sa ki fe milat la pran pouvwa...

Toulimen Legrand - January 4 2012, 11:29 PM

Li le pou ou kite ignorans e se sa ki fe milat la pran pouvwa administratif a 97% de reprezantasyon yo kote yo reprezante selman 3% nan peyi a. Se sel peyi nan mond lan ki genyen yon minorite ki pran trop pouvwa administratif andan peyi a. Mwen pap pale keksyon koule map pale keksyon reprezantasyon de etnik group yo ki andan pouvwa a. Sou chak 100 direkte, chef pesonel, chef administratif oubyen chef kontab se 97 milat ou jwen e twa neg nwa depi 1807. Se sak fe peyi pa janmen ka kreye travay pou satisfe mas popile yo. Si se te klas mwayenn nan ki tap jere pouvwa nou tap fe plis progre.

Men se moun rich yo sitou milat ou byen elit metis peyi a. Li le pou paleman pran yon lwa tankou lwa EEEO ki vle di Equal Economic Employment Opportunity Sa vle di frem zanplwa egal pou tou de etnik group yo. Si ou reprezante 3% nan popilasyon an se 3% nan group ou ki pou reprezante nan pouvwa administratif, ekzekitif e jidisye.

Keksyon 97% reprezantasyon pou yon group ki reprezante 3% selman nan popilasyon se yon gro enjistis.

Se selman le nou mete lwa reprezantasyon an sou plas nap ka repare yon enjistis etabli pa prezidan Petion depi 1807. Wap maske reyalite a le ou pote keksyon koule a. Pa fe moun sot ou pase pou lespri avek mwen tande.

Rete trankil ou pap ka bloke keksyon sila a. Avek anpil respe ke mwen gen pou ou frem, ouve je pou ou ka konpran lwa sa ke map pale. Mwen pap pale keksyon koule men pito map pale keksyon de reprezantasyon de group ki enpotan nan peyi a e ki pou ta reprezante andan pouvwa a selon reprezantasyon group yo pou ka genyen chanjman andan pouvwa a. 97% Milat CEO sa yo pa ka panse pou fe pep la vanse e si yo tap fe li Ayiti pa tap yon koloni pou Etazini e lot peyi nan kominote entenasyonal la. Ouvri je ou frem e konnen sa kap diskite la. Ke BonDye Granmet beni ou e veye sou ou tande!

Response to:

Ki bagay couleur wap vine pal

Subject:

Sou Chak 100 Direkte Nan Fonksyon Piblik 2 Ladan Yo Se Neg Nwa e 98 Milat

Nan yon peyi neg nwe nou we yon bagay konsa e se sa ki fe problem pep la pa janmen regle depi 208 lane. Elit pa ka...

Direct replies to this message:

TOULIMEN, KI RADOT MILAT WAP PALE LA. APRE TOUT TAN...

Sak fe ke ou pa di, se paske Neg Nwa yo lache epi tou...

Return to Message List