Konferans Nasyonal Ak Tout Direkte Administratif Gouvenman Santral La

Toulimen Legrand - January 6 2012, 3:20 PM

Mwen mande pou yon konferans nasyonal tabli nan peyi ak tout chef administratif, pesonel, ak kontab yo pou vini pale ak pep la e le sa a nou va we ki moun ki tap jere pouvwa administratif la depi 1807 pou rive 2010. Nou mande refom total kapital.

Se pou palman vote lwa sou reprezantasyon tou de etnik group yo pou korije e repare enjistis sosyal.

Nou bezwen yon administrasyon leta ki pou mache kelke swa koule po moun ki sou pouvwa.

Nou pat pran endepandans pou yon sel group nan peyi a. San Vincent ak Oge Chavannes, Boukman ak Makandal, Dessalines, Christophe, ak Petion pat koule pou 3% moun selman men pou nou tout. Nou pap pale divizyon ou problem koule nap pale jistis, dwa sivil ak reparasyon pou tout moun nan peyi a. Zafe sou chak 100 direkte administratif se 97 moun po kle ki pou okipe pos sa yo e 3% dwe ale pou moun po nwa yo pap ka kontinye vanse anko. Li le pou nou sispan akize kominote entenasyonal la. Malediksyon Ayiti pou neg nwa ki sou pouvwa chita nan pouvwa administratif la e non pa nan pouvwa egzekitif la. Se pou nou rele amwe, e se pou nou frape pye nou byen fo pou nou mete fen ak enjistis sa yo. Mwen se yon milat nan liy Jean Dominique, Mireille Durocher Bertin, Antoine Ismery, Georges Ismery, Luc B. Innocent, Yves Volel, Bernard Sansaricq, Louis Joseph Janvier, Antenor Firmin, Demesvar Delormes, Jean Claude Magny, Edmond Paul e Louis Dejoie pou site ke moun sa yo ki te tonbe e mwen pral tonbe kon yo tou dapre sa Mezv di mwen lo jou. Mwen di map mouri pou yon bon koz, fok Ayiti chanje.

Tout moun ki dako ak mwen siyen petisyon an e mande pou lwa sou reprezantasyon an ke nou vle li rele Lwa Jean Dominique la pase. Please vote to correct social injustices in Haiti.

If you are a coward person, please don't vote. May God bless you and I love you all. Toulimen does not need job and power at the hands of any government ok. Toulimen wants justice for all.

Return to Message List