Vyolans Sou Fanm Dwe Fini Nan Peyi Dayiti Avek Lwa Reparasyon An

Toulimen Legrand - January 6 2012, 3:43 PM

Vyolans sou fanm dwe kaba e zafe se fanm selman ki pou fe tout bagay nan yon kay dwe fini. Li le pou nou sispan abize fanm. Li le pou fanm gen pouvwa tankou gason nan sosyete nou an e ke pou yo reprezante nan pouvwa selon proposyon group yo si nou vle chanjman.

Nou menm gason yo, nou tro macho e tro me chan e li le pou nou chanje rol tradisyonal yo e fe sosyete nou an tounen yon sosyete egal pou tout moun. Li le pou nou fe tout fanm itilize laundry machin e fou avek gaz pou lave e fe manje.

Li le pou fanm sispan pote panye sou tet yo e se pou nou ba yo bon jan transpotasyon ak machin ki pote bagay ke yo bezwen transpote yo. Bagay pa ka chanje si nou pa ka mande jistis pou tout moun.

Fanm reprezante 52% moun nan popilasyon peyi a e pa men 2% fanm nan pouvwa leta a. Sal ye la. Zanset yo te mouri pou neg nwa ak neg po kle selman.

Mwen mande pou lwa reprezantasyon fe rante tout bagay sila a e nou bezwen vre refom pou yon sosyete ki jis ak egal ego pou tout moun. Se pou lwa sou reprezantasyon an ke nou rele EEEO a pase tout swit. Lwa Jean Dominique la. Si palman pa ka vote lwa sou reprezantasyon gason ak fanm, neg po nwa e neg po kle yo se pou yo demisyone.

Paske pap ka genyen jistis nan peyi Dayiti si nou pa ka mande egalite pou tout moun. Zafe se 2% fanm selman ki pou nan pouvwa a dwe fini e gason pa fet pou touche plis ke fanm le yap fe men job. Zafe ke se 2 neg nwa sou chak san direkte administratif e 98% res pos yo se pou moun po kle yo sa dwe fini. Nou vle jistis sosyal pou tout moun e nou vle lwa sou reprezantasyon an pase tou swit.

Sosyete macho nou an dwe kaba paske mwen yon sosyete egal ego pou tout moun. Nou pa ka genyen yon bon peyi le nou vle pou nou maltrete ak souflete fanm e kenbe yo andan kay selman pou okipe nou ak pitit nou tou san yo pap touche pou swe kouraj yo. Fok sa fini. Fanm pa dwe kontinye ap soufri enjistis sa yo nan peyi a. Nou vle fok sa kaba. Zafe se selman milat ki pou gen la vi dous nan peyi a selman fok sa kaba. Zafe pou Oligarchy Ayisyen an vle si yon neg nwa sou pouvwa li dwe marye yon fanm po kle pou lajan leta a ka rete nan men yo selman dwe fini. E si nou pa ka pote refom sa yo, map lanse yon mouvman revolisyon nan peyi a e pita ap pi tris. Mwen pa vle san koule anko e se pou sa map mande refom sa yo e si mwen we yo pa ka fet map pase yon vites siperye e chanjman radikal ke nou tout pa ta renmen we a ap rive fet tout bon vre.

Mwen menm Toulimen mwen vle byen pou tout moun, fanm kon gason e mwen pa vle yon eksplwate lot. Mwen vle bon jan vi pou milat ak neg nwa san enjistis yon kon lot. Men si nou pa vle tande map pase yon vites siperye e pita ap toujou pi tris tande!

Return to Message List