Se sak fe mwen mande pou palman Ayisyen an vote lwa sou...

Toulimen Legrand - January 6 2012, 10:33 PM

Se sak fe mwen mande pou palman Ayisyen an vote lwa sou reprezantasyon de etnik group yo nan proposyon ke yo reprezante nan peyi a pou anpil enjistis ka sispan.

Nou nan 2012, yon moun pa ka di mwen ke se fanmi moun oligachi Ayisyen an ki edike selman e ke se yo menm selman ki pou chef pesonel, chef kontab ak administrate nan peyi. Pitit elit la ap jere peyi a depi lane 1807 e Ayiti pa janmen fe progre si se pa yon ladan yo ki sou pouvwa.

Pran tout prezidan milat yo ki pase sou pouvwa wa we se selman le yo sou pouvwa ke peyi a ka avanse e koripsyon ka sispan.

Se yo menm ki kreye divizyon an e koripsyon an tou epi le yo pa sou pouvwa pou kapab genyen kraze brize e ki moun ki pedi se Ayiti.

Zafe sou chak 100 direkte se 2 ou 3 gren neg nwa ke pou nou genyen nan yon peyi ki genyen 97% neg nwa a fok sa fini. Si yo ta fe konferans sila a ou ta sezi we koman se tout pitit elit oligachi ki administrate, chef pesonel ak kontab tou. Fok sa sispan e se sak fe mwen mande pou yo vote lwa sou reprezantasyon an pou mete fen ak tout enjistis sila a yo. Mwen vle ke pou tout moun souse yon zo tou e zanset yo ke yo te po kle ou po nwa, yo te goumen pou tout pitit peyi a pou yo te ka retire nou anba esklavaj blan. Fok sa fini tout bon vre si nou vle bon chanjman.Nou pa ka genyen yon bon peyi si nou pa ka trete moun an egal, selon sex yo ak koule e osi selon reprezantasyon yo. Fok sa kaba!

Response to:

exactement mon cher! fok neg yo sispann ak division...

Subject:

Sou Chak 100 Direkte Nan Fonksyon Piblik 2 Ladan Yo Se Neg Nwa e 98 Milat

Nan yon peyi neg nwe nou we yon bagay konsa e se sa ki fe problem pep la pa janmen regle depi 208 lane. Elit pa ka...

Direct replies to this message:

ok mr, je comprends mieux votre position.Mais souvent...

Return to Message List