Inivesite/Sevis entelijans

Wilson Charles - January 7 2012, 4:51 AM

Onorab Prezidan,
Mwen te vote w e ankouraje anpil lot moun votew.Mwen pa ko satisfe de ou ak ekip ou a. Pandan pasaj ou okay, ou te fe kek jes ak popilasyon an.Sa te remonte fos ou lan sid.Ou pwomet yon inivesite pou sid, okay. Se byen, men Okay manke pwofese kalifye.

Pwofese ki gen lisans ap fe kou pou etidyan ki nan pwogram lisans.Eske w gen plan pou pwofese tou?Epi, inivesite a ta dwe moden, sistem kredi, ak anpil lot bagay anko.
Mwen kwe tou ou ta bezwen mete yon sevis sekre, entelijans, kanpe pou edew lan peyi, sou tout sa ki ap fe lan peyi.Mwen ka ede lan sa, si mwen resevwa yon fomasyon.

Mwen kwe ou gen volonte.

Sonje peyi se pou tout ayisyen.

Se pa pou yon ti gwoup.

Sikse w, se sikse nou tout. Echek ou se nou tou. Mwen vle ou reyisi.

Se pou Bondye baw sajes pou ka pran bon desizyon.

Wilson Charles.

Tet Kale.

Return to Message List