poeme de Frere Jeune

Jeune Jhony - January 23 2012, 2:57 PM

Ayiti gen pou fe yo we`l

Yon bel ti peyi kite pi dous pase siro myel
Li pat bezwen se te nwel
Pou-n te chita anba ti tonel
Ap gade bel zetwal nan siel
O siel O siel moun nan Janrabel
Pat kon nan vin-n la kay se`l
Nan gran riyel pou la vil te ka bel
Paske se te yon plezi pou yo plante mazonbel
Epi tou, peson-n pat nan pekmel
Ak lot peyi gran zel
Fe moun mete bouch nan zafe`l
Nou te gen tout sa ki bel
Byen ke nou te toujou gen rebel
Men se pou peyi a te ka gen respel
Ayiti Ayiti, kounye a wap chache`l ou paka we`l
Mezan-mi peyi nou nan rel
Yo di yon ti peyi kouwel
Paka di li rele lapel, malgre nou chage ak bel gazel
Min-m prop makomel pa vle we`l
Min-m le ou we yo pataje min-m katel
Sepa ni pou kanel, ni pou vye gren siwel
en en se pou karaktel
Li di li kwe nan letenel e li ka gere zafel
Li pa bezwen oken vye mouche komokyel
Vin-n rete avel
Woy pito`l pat louvri kel
Pa do yo fel monte le siel
Yo beyen`l ak poupe twel
Kom li pa ret anyen pou`l bay fre`l ak se`l
Kounye a se la charite yap fe`l
Yo ba`l komcel ak digicel kom belse`l
Pou`l ka pa we eta yo fel
Yo Min-m ba`l yon Jean-Michel
Pi bel nouvel nou tande lap sikre ke`l
Li pa vin-n selman pou`l fin-n bwe`l
Eke lap fe`l vini pi bel
Lap invite tout monkonpel
Pou mete avel
Hen

Return to Message List