Desizyon pou chanje lè peyi a pa rapò ak nouvèl sezon an ap toujou kenbe

Martelly News - March 12 2012, 4:45 PM

Pòtoprens, lendi 12 mas 2012: Daprè arete prezidansyèl mèkredi 7 mas 2012 la, Biwo kominikasyon prezidans lan ap fè popilasyon an ak laprès konnen, desizyon pou chanje lè peyi a pa rapò ak nouvèl sezon an ap toujou kenbe.

Lè nasyonal la ap genyen 60 minit an plis k ap ajoute sou li apati 2 è nan maten chak dezyèm dimanch mwa mas, e chak premye dimanch mwa novanm, lè nasyonal la ap gen 60 minit k ap soti sou li toujou nan menm lè a. Desizyon sa a ap kenbe jiskaske gen yon lòt mezi

Return to Message List