Chapo ba pou ou

Margalie Vielot - January 15 2013, 12:32 PM

Prezidan Martelly, mwen salye kouraj ou e tout bel entensyon ke w genyen pou peyi Dayiti.

Mwen panse ou bezwen fe pwopagan pou gouvenman w nan nan dyaspora a. Gen yon paket moun kap bay manti sou peyi ya e yo ap fe pwopaje yon ban n manti.

Depi lontan yo la nan peyi ya yo pa janm fe anyen pozitif pou fe peyi avanse.

Yo amize yo ap pale moun nan peyi ya mal e yo pa reyalize ke le yo pale yon ayisyen mal se tet yo tou yap male mal.

Mesi pou inite ke wap simen nan peyi ya. Mwen voye yon gwo kout chapo pou madanm ou ak timoun ou yo. Li byen fasil pou nou fe sa ki mal men le pou nou fe sa ki byen se pi gwo pwoblem pou nou. Mwen priye Bondye pou wou e peyi chak jou pou Bondye ka kontinye ba w direksyon nan sa wap fe.

Nou bezwen mete yon lame serye nan peyi pou nou ka di minista babay, nou bezwen moun ke ka pote kole avek ou nan inisyativ pou chanje visaj peyi ya. Nou bezwen revoke polis kap rete moun nan lari ya e pi kap mande yo pou yo jere kontravansyon an.

Mesi pou chanjman nan DGI pou nou dijitalize l. Achiv nasyonal bezwen l tou. Lopital jeneral bezwen yon lot visaj tou. Lopital kote m te fet, Matenite Izayi Janti, e tan dot.

Mesi anko pou gwo travay nan ayewopo wa. An nou kenbe la.

Ke Bondye beni w.

Yon konpatriyot.

Return to Message List