A Message For President Michel Martelly

Carlo Valcin - April 10 2011, 12:51 AM

Dear President Martelly, Aktyelman menm domi m paka domi telman map panse de koman w pwal fe pou chanje peyi sa.

tanpwi mesye pwezidan cheche tout ayisyen konpetan kelkeswa ideoloji politik li pou n ka retire ayiti nan sal ye jodia.

fe pep la rejwen konfyans nan leta, e di yo pwan pasyans.

fok ou fe atansyon a roulibe yo pou yo pa fe w echwe.

fe respekte e aplike la lwa sou tout fom. sonje pou nonmen juj nan kou kasasyon yo li tre enpotan paske se sa yo ki pwal fe kominote entenasyonal la fe w konfians.

dirije avek transparans pa jwe jwet anbatab, fok ou apwan n negosye le yo diw a goch pou w pa di non epi se fini. fok pa exanp ou ka di se adwat mwen vle e me pouki sa. toujou fe konpwomi.

afe sekurite, rout,elektrisite fok gen sa yo paske envestise etranje pap vini si pa genyen yo.mesi, ke Bondye kapab gadew, beniw,pwotejew e dirijew pandan tout mandaw la e pou tout res viw.

Return to Message List