m tris pou Ayiti cherim nan

Pitit Bondye - November 14 2013, 5:14 PM

sa fe anpil ane Ayiti ap soufri se pa sel ayitien ki koz nou poko ka vanse men ameriken, france de peyi sa yo se kraze yap kraze nou ansoudin yap pran poz zanmi nou men yo pa vle nou avanse fok verite an pale se vre Ayisien fe prop ere yo tou kom m kwe si nou vreman vle peyi an chanje lap chanje men sakrifis ki pou fet poul chanje an Ayisien poko vle uni yo pou yo fe sakrifis sa yo. m ta kontan avanm mouri poum we Ayiti ap prodwi ase diri pou pep li manje poun pa impote diri sot usa anko sa fem mal poun pa achete poul ak ze nan men sin doming anko sak fe sindoming ap fe tout frekan sa yo avek nou se paske nou pedi vale nou nou te trop wo poun arive tonbe ba konsa, le Ayiti pran indepandans li usa kraze nou nan sans ke yo pat vle achete anyin nan men rezulta se ke ekonomi nou vin kraze.

tout diktate ki te gen Ayiti yo tout se pou usa yo tap travay kom papa doc ak tout baby doc. sak pi fem mal la se ke gen anpil verite ki kache toujou, apre 12 janvier 2012 lem we Ayitien kap rele viv usa viv usa m santim preske toufe paske se fout yo menm ki lakoz nou nan eta sa la france, usa tro mechan men se sel Die ki ka di yon mo et yo toujou ap kache verite an. m kwe ke mr. President Michel.J.M ka vanse ak peyi an men fok Ayisien kole tet avel ou pa we yap kouri deyel poutan yon moun ki voye des milier timoun al lekol poukisaw ap kouri deyel lan la kisa lot prezidan yo t fe plus ke li eskew gen yn prezidan ki ko voye pitit ou lekol, ki ranje rout vie rout kraze bo lakay ou

Return to Message List