politik sante pou moun andeyo

Natacha Fabien - February 6 2014, 8:24 PM

prezidan
;mwen se Natacha Fabien; chirurgien dentiste;mwen soti 9eme seksyon nan Bainet.

Map felisitew pou deteminasyon w e pou gran kew e tout sa wap fe nan ti peyi nou an. mwen kite yon pwoje pou ou ki konsene moun nan zon bo lakay nou; bainet ak kotfe.

mwen ale nan vakans toutan se ak lapenn map gade moun kap soufri ak dan ;enfeksyon tout sot;ke vi yo menase ki pa gen ni lopital pre ni espwa ke gen yon dokte ki pa charlatan ke yo ka konfye timoun ki pa janm konn poukisa pou yo bwose dan yo;we yon medesen.

mwen ta renmen ke gen yon lopital nan zon nan;men pou soulaje pep la m te vle komanse ak pwoje klinik mobil sa ke mwen te depoze nan "palais" ak nan "primature" pou pep la ka santi w p bliye yo. mwen ap mande w tanpri repanse a proje mwen te prezantew la pou ansanm nou ka we sa nou ka fe pou malere sa yo ki frappe kem fo chak tan mal an vakans;lem we mwen gen kapasite men se mwayen m pa genyen.mwen diw deja yon gwo mesi

Return to Message List