Ki Problem PM Laurent Lamothe genyen ak President Martelly?

Haiti Nouvel Kreyol - June 1 2014, 6:54 AM

Nan yon Interview Premier Minis Laurent Lamothe te bay radio Scoop FM an Haiti nan mwa Me 2014 la, yo mande li "Kisa ou genyen ak president martelly?" Men ki repons Laurent Lamothe te bay...

Mwen vle di tout pep Haitien an, premierement, Michel Martelly se pi bon zanmi-m, se yon moun ki te genyen yon responsablite historik e ki chwazi yon goup pou ateri.

Li chwasi-m kòm premier minis poum sevi peyi-m.

Li banm instruction lè yon moun vini bò konte nou pou yon jòb, jòb la vini ak tout menòt li.

Nou genyen menm vision social, menm vision politik, respe yon pou lòt la li enrom.

Mwen asimile sa ak yon tentativ pou kreye division ak zizani...

Mwen gen 2 lane kom premye minis, sa dire anpil tan.

Return to Message List