Prezidan Martelly mande tout ayisyen travay pou bati peyi a

Martelly News - July 16 2014, 7:30 PM

Pòtoprens, mèkredi 16 Jiyè 2014: Prezidan peyi a, Ekselans Michel Joseph Martelly, gen anpil kè kase pou janl wè yap mal sèvi ak yon seri bèl batiman ak enstalasyon piblik leta a fèk konstwi yon fason pou amelyore kondisyon lavi pèp la epi kontinye vanse nan chimen devlòpman.

Konplèks Espotif Wanament ki fèk konstwi a eki gentan kòmanse pran gwo frap, se yon egzanp ki montre a klè kijan nou maltrete konstriksyon sa yo ki koute leta yon pakèt lajan.

Lè nou pa pwoteje batiman ak enstalasyon modèn nou yo, se ralanti nou ralanti peyi a sou kous li. Rèv pou nou gen yon peyi kote tout ayisien santi yo byen, dwe makonnen ak volonte nou chak pou nou pwoteje byen piblik nou yo.

Pouvwam nan bay tèt li pou misyon rekonstwi peyi a. Se poutèt sa, jan tout moun ka konstatel la, lap lite chak jou pi plis poul mete Ayiti sou ray devlòpman.

Men tout bèl jefò ak sakrifis sa yo bezwen kolaborasyon chak grenn ayisyen pou nou kapab rive pwoteje sa nou gen deja pandan nap travay poun bay plis rezilta toujou.

Nan sans sa, se devwa chak sitwayen, se responsabilite leta a pou yo veye sou tout sa nou posede e ki fè fyète ak grandè peyi nou. Li lè li tan pou nou sispann kraze brize pou nou mete men nou nan pat la poun bati peyi nou.

Se nan lide sa Prezidan an mande tout otorite nan tout pouvwa leta yo pou yo pran bonjan dispozisyon pou anpeche tout zak briganday sou batiman ak enstalasyon piblik nou yo. Gen gwo sanksyon pou tout sitwayen yo kenbe kap mal itilize byen leta yo.

Premye sitwayen nasyon an mande popilasyon an poul travay men nan men pou fè bèl peyi nou Ayiti fleri chak jou pi plis.

Return to Message List