Frantz se pwoblem lidechip ki fe sa tande. Kon Martelly di a...

Toulimen Legrand - May 15 2011, 10:32 PM

Frantz se pwoblem lidechip ki fe sa tande.

Kon Martelly di a yo sevi ak problem nou yo pou yo ka divize nou. Mwen pral mande pou yo kreye yon bibliyotek prezidansyel an Ayiti ki pou dokimante sa prezidan Ayisyen yo fe le yo te sou pouvwa e sa pral sevi kom yon sous referans pou moun ki vle pale sou travay prezidan nou yo nan peyi Dayiti.

Mwen renmen tout ansyen prezidan yo menm jan ak ou menm si mwen kritike yo anpil le yo te sou pouvwa.

Mwen pa rayi peson e mwen ta renmen we yo tout chita ansamb nan yon konsey ansyen chef peyi a pou ede Ayiti ak lot kriz ke nou pral konfronte pi devan yo. Mwen aplodi Jean-Claude Duvalier ki te mande pou tout ansyen chef leta yo mete diferans yo de kote pou yo ka fome konsey ansyen chef leta peyi dayiti a.

Si yo rive mete konsey sila sou pye, nou se peyi nan zon nan kap genyen yon konsey ak plis chef leta ke yo te eli demokratik ou pa. Li le pou Ayisyen sispan jwet chyen manje chyen pou yo ka aji an moun sivilize.

Mwen kwe ke yo tout renmen peyi a e yo tout te gen fason pa yo pou jere jenerasyon ki tap viv anba gouvenman yo a. Mond lan ap chanje, se pou Ayisyen chanje tou. Se le dialog ak bon jan sivilizasyon kap pale. Ogey ak ranke pap mennen nou pi lwen e Ayiti pap rive vanse pou pi devan.

Ke Gran Met La beni ou e vye jou ou yo tande! Kenbe la fem frem Toulimen.

Subject:

pou ayiti pi bel

yon lot bagay anko mwen di mwen rennen chak gren preziden ki passe nan tet payia se paske isit nan etat zini chak gren...

Return to Message List