Mete tet ou an plas.

Roudia - June 15 2011, 9:57 AM

Bonjou Mesye Prezidan,
Mwen konnen Ayiti gen anpil_anpil pwoblem.

Gen anpil lot moun ki konn sa tou. Men, gen anpil lot moun, malgre yo konn sa, yo fe komsi yo pa konnen.

Tanpri, fe yon pale ak pep la pou'w di'l kijan sa ye. Paske mwen tande anpil moun ap pale de yon(1)mwa ke anyen poko fet. Non selman Peyi a genyen anpil pweoblem, gen lot moun k'ap chache bloke tout bagay.

Gapre mwen menm, gen kek bagay ki ta dwe chanje, pou peyi a ta ka chanje: si se kek moun ki pou ranplase ak kek lwa ki pou chanje, ki pou ede travay yo fet nan peyi a. Paske, ou pa konn ki moun ki avek ou vre. Si se sou bann moun k'ap fe'w pedi tan w'ap gade, anpil tan ap pase san ke anyen pa janm fet. Pandan setan tout je fikse sou ou. Le bagay yo pa fet, se Non ou y'ap site. Mwen se yon Atis menm jan avek o. Menm le se pa nan menm lin nan, men tout Atis se Atis. Pa pede rete nan fe moun konfyans.

Ou vize yon plan ou'w travay sou yon pwoje, fe sa ou dwe fe. Mwen konte sou. Si mwen te gentan gen posiblite pou'm te ka ede'w jwenn fon, le moun ta vle bloke'w, mwen ta ede'w...

Telman mwen gen volonte pou ede Ayiti chanje.

Ke Bondye Akonpanye'w wout sa. Ke Bondye Gade'w ak Pwotwje'w nan travay difisil sa.

Return to Message List