Koman pou ede moun ki pedi kay yo?

Marie Lourdes Miracle - September 21 2011, 5:32 PM

Presidan,

Edikasyon ta premye bezwen pou haiti si pa te gen 12 Janvye 2010 la. Pandan ou ap pase devlopman dirab atrave edikasyon an timoun yo pa kapab rete nan lari a. Pran kontak avek tout peyi ki kapab ede nou nan bati kay rapidman, me bon kay pou moun ki nan lariyo.

Ou sonje sou Aristid siman te 3dola.

Menm ed sa a cheche rejwen li.
Kreye associasyon mason pou kapab bati plis kay.

Moun ki ap travay an Haiti oubyen ki nan peyi etranje kapab a trave bank an Haiti jwenn kontra pou yo rebati kay yo ki te kraze nan siklon oubyentranbleman.

Yo ka peye tikras pa tikras san yo pa santi sa. Paske se pa te fo pyes moun bagay sa yo te rive. Hayiti pa ka dedomaje tout moun. Me yon prezidan enpotan dwe cheche jan pou ede tout moun retounen nomal.

Men moun ki pa gen anpil dwe peye yon tikras kob pou ede leta rebati kay pou yo. Moun sa yo kapab travay nan peoje rekonstriksyon pou yo kapab jwenn kay yo pi vit.

Tou men dwe mete ansamm pou sipote yon pwoje konsa.

Pa bliye zafe lavalas la k'ap bwote kay toujou.

Mete fren nan jete fatra nenpot ki kote. Fatra ka sevi pou angre.

Fe yo mete plastik, feblan an fe akote.

Return to Message List