Fre mwen lide peyi sa renmen moun sot yo ke yo renmen moun ki...

Toulimen Legrand - November 1 2011, 11:23 PM

Fre mwen lide peyi sa renmen moun sot yo ke yo renmen moun ki gen lespri.

Lide tankou Kristof te vle pou tout Ayisyen kon li ak ekri e li te fye tou pou li pote drapo Ayisyen byen wo tou. Papa Kristof te konstwi 17 pale e si se pat tranbleman de te 1822 a ou tap we kouraj gwo gason ke yo te rele Kristof la. Se te yon dictate ki tap louvri je moun tankou Fidel Castro ki fe edikasyon tout Kuben yo e tout mond lan bese devan kouraj patriyash yo rele Castro a. Se wont pou Kristof ou sinon Dessalines ki te apran li ak ekri ak laj 48 lane e si yo ta leve nan somey etenel yo, monche yo tap souflete anpil vakabon nan peyi sila e se yon wont pou selman apre 206 lane nou edike selman 35 pou san Ayisyen e gen moun ki di li pi ba. Se tris fre mwen e pran kouraj.

An nou gade si Martelly ap swiv politik edikasyon Kristof la pou edike tout Ayisyen.

Ke Gran Met beni Ou vye fre mwen!

Subject:

President mouin kontan anpil pou lekol gratis la

Paske san education yon peyi pakapab ale okinn kote mouin kouer roi henry christophe te fer minm jan epi yo te rele li...

Direct replies to this message:

Toulimen,I don't realy have a problem with the idea...

Return to Message List