Bonjou mesye tou lemen, koman ou ye? non sa a ou bay tet ou a...

Rochenette Lima - December 26 2011, 11:19 AM

bonjou mesye tou lemen, koman ou ye?

non sa a ou bay tet ou a fe m santi ke ou toujou sou tansyon, e li pa bon pou sante w. Mesye tou lemen ou pa we li ta pi bon pou n ta sispan aji nan tet cho jis pou n ka gen chans patisipe tout bon vre nan devlopman peyi nou ki Ayiti.

pou m di m byen mesye tou lemen, tout syantifik pa blan et yo pa oblije blan selman, paske konesans pa gen ras, koule, nasyon.

mwen sonje Voltaire te di le yon moun gen konesans li se yon sitwayen le mon antye sa vle di yon cosmopolite (french word).

toulemen bam di w maladi gro pye a rele filaryoz se yon ti ve ki nan te a ki rele filer ki bay li. pi souvan li rive kay moun ki mache pye ate, ou jwen li ampil kay peyizan nou yo ki pratike agrikilti.

sida a li mem m li pa yon maladi heredite e ou konnen byen kijan moun ka pran l si w pa konnen al gade movie "pouki se mwen" de notre honorable Docteur Reginald Lubin, e ou va kompran sa kap pase nan zafe maladi sa. ampil fwa nou anvi mete moun an karanten ki pa yon bon bagay ditou.

si yo mem m tou yo te vle mete nou tout kap viv pa bo isit an karanten ou panse nou tap kapab okipe ti fanmy nou ki an Ayiti.

L'Union fait la Force se deviz peyi nou, an nou sispan voye toya sou lot moun men de preferans integre yo nan nou, fe yo santi yo alez pou nou ka vanse.

gras Bondye ave w

Response to:

Mon che, mechanste tou patou e syantifik blan pi...

Subject:

Haitian Elites Are Haitian Secret Societies' Members...

As Jeune points it out, all Haitian elites are Voodoo members and they belong to the Haitian secret societies such as...

Direct replies to this message:

Rochenette Ou pale men mwen pa rive konpranbsa Ou vle...

Return to Message List