Ayiti dwe vote lwa sou reprezantasyon de group etnik yo andan...

Toulimen Legrand - January 16 2012, 9:27 AM

Ayiti dwe vote lwa sou reprezantasyon de group etnik yo andan pouvwa a. Zafe bay yon group etnik ki minorite jere pouvwa administratif la se yon radot paske minorite defan zafe minorite kont entere majorite a. Zafe 98 direkte milat nan fonksyon piblik la nan gouvenman santral potoprens la dwe fini. Neg po nwa reprezante 97% nan peyi a alo yo pa ka reprezante 2% andan pouvwa a selman.

Ayiti se sel peyi kote pouvwa administratif la jere pa yon minorite Ekonomik depi lane 1807 pou rive 2012 la. Tout tan nou pa chanje estrikti pouvwa administratif nan peyi Dayiti nou pap janmen rezoud problem peyi sa a e milat nan peyi a ap toujou di neg nwa se senbol destriksyon.

Apre Martelly si yon Milat pa ranplase li se destriksyon kap kontinye paske 98% direkte milat ki nan pouvwa santral pap kolabore ak yon neg nwa ki monte sou pouvwa apre Martelly.

Nou dwe fini ak senbol destriksyon sa a paske se Ayiti kap pedi. Depi 1807 fomil 98% direkte milat kont 2% neg nwa nan pouvwa administratif la pa janmen pote sikse pou Ayiti.

Map pale rezoud problem estrikti pouvwa administratif la ki veritab problem peyi Dayiti mwen we Ou femen je Ou sou li e wap radote pou Ou ka defan entere klas Ou reprezante a. Mwen menm mwen kwe nan Ayisyen antan ke milat ak neg nwa e mwen kwe tou nan potansyalite yo e tou de group sa apateni a peyi a e yo dwe reprezante selon pousantaj group yo andan pouvwa e tout tan nou pa rezoud ekwasyon sila a nou fek komanse ap radote tankou Ou menm ki se yon gran radote.

Ke Bondye beni Ou!

Response to:

TOULIMEN, KI RADOT MILAT WAP PALE LA. APRE TOUT TAN...

Subject:

Sou Chak 100 Direkte Nan Fonksyon Piblik 2 Ladan Yo Se Neg Nwa e 98 Milat

Nan yon peyi neg nwe nou we yon bagay konsa e se sa ki fe problem pep la pa janmen regle depi 208 lane. Elit pa ka...

Direct replies to this message:

Let me tell you something, Haiti's administrative...

Return to Message List