Prezidan Repiblik la resevwa envitasyon ofisyèl pou l al vizite Repiblik Dominikèn lendi 26 Mas 2012

Martelly News - March 23 2012, 8:30 PM

Pòtoprens, vandredi 23 Mas 2012: Prezidan Repiblik la, Ekselans Mesye Michel Joseph MARTELLY ap pran avyon lendi 26 Mas 2012 la pou l al nan Repiblik Dominikèn sou yon envitasyon ofisyèl kote li pral rankontre kòlèg li, Chèf Leta Dominiken an, Mesye Leonel Fernández.

Delegasyon an ap gen ladan l: Premye Minis deziye a, Mesye Laurent LAMOTHE, Minis Enteryè a, Mesye Thierry MAYARD-PAUL, Minis Touris la, Madam Stéphanie Balmir VILLEDROUIN, Minis Ayisyen k ap viv aletranje yo, Mesye Daniel SUPPLICE, Minis Agrikilti a, Mesye Hébert DOCTEUR, Minis Planifikasyon an, Mesye Hervey DAY ak Minis anviwònman an, Mesye Joseph Ronald TOUSSAINT.

Rankont yo ap dewoule sou komisyon bilateral ki genyen ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn pou defann enterè zile a. Nan sans sa a de (2) peyi yo ap siyen yon deklarasyon ansanm k ap mache ak siyati plizyè akò ant de (2) Chanselye yo, Mesye Laurent LAMOTHE ak Mesye Carlos Morales Troncoso.

Chèf Leta a renouvle angajmen l yon lòt fwa ankò pou defann enterè Pèp Ayisyen an epi travay pou relasyon ki genyen ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn yo chita sou respè yonn pou lòt. Prezidan Martelly ap rankontre nan aprè midi nan Anbasad Ayiti ki nan Repiblik Dominkèn reprezantan Etidyan Ayisyen yo.

Prezidan Repiblik la ap retounen nan Peyi a lendi 26 Mas 2012 la nan aswè

Return to Message List