Zelit ou Elit Peyi Dayiti Leve Figi Nou Epi Kreye Bus Konpani Tankou Greyhound

Toulimen Legrand - June 25 2012, 2:20 PM

Mezanmi, Mevz, Castera, Saliba, Beaussan, Brown e tou lot ke mwen pa site yo. Leve figi nou. Kreye bus konpani ki oganize pou nou ka leve figi nou e apre bay lot moun jere yo. Se nou ki zelit peyi a e se nou ki gen kob nan men nou. Leve figi nou mezanmi e pran rout modenite.

Sispan itilize sevis sa yo nan peyi Sendomeng e pouki sa nou pa rete nan Sendomeng.

Se an Ayiti nap fe kob nou se pou nou itilize li an Ayiti.

Mezanmi, leve figi nou. Transpo nan peyi a led anpil.

Nou trete Ayisyen trop tankou bet. Si nou te bayo edikasyon yo tap sispan boule peyi a e si nou te sispan rayi yo tou yo tap fe bon bagay tou. Mezanmi leve figi nou e pi pran desizyon pou chanje peyi a si nou vle yo respekte nou. Se levasyon kap fe nou sispan koupe tet ak boule kay. Bay levasyon ak bon jan edikasyon souple.

Leve figi nou tande

Return to Message List