Formule de Nettoyage des Rues en 2 temps 3 mouvements

Micheline Pierrepaul - July 6 2012, 7:04 AM

President Martelly - Juste yon ti konsey pou rann lari yo pwop et kenbe peyi nou pwop

Otorite gouvenmantal ak konsey municipal yo dwe PASE LOD FORMEL pou tout moun: proprietaires, locataires, moun ki lwe kay pou fe biznis, direkte lekol, paste legliz, etc, etc, pou yo kenbe espace devant, akote, ou bokay, bo lekol, bo legliz yo pwop. Si yo fe moun kap travay ak yo, jeran oubyen peye yon malere yon ti kob tanzantan pou bale devan kay yo reguliereman epi jete ou brule fatra yo, lari a va toujou pwop. Si tout moun fe sa lari yo, et enfi peyi nou va pwop. Haiti pap sanble ni trete kom poubel anko. Selman, gen kote tanko bo mache yo, leta (la Mairie, Ministere anviwonman ou otorite responsab yo) dwe mete moun pou bale et ranmase fatra chak you et jete yo nan poubel ki la pou sa (ministere reduction povrete, par examp, kab PEYE malere pou kenke kek zon pwop tou).

Lari nou yo te konn bel lontan !!! Haiti nou an te konn pwop menm Leu L te toujou pov. Konsa, President Martelly, nou dwe reskonsabilize ti pep la. Li pre pou bay kout men, jwe patisipasyon pal. Li selman bezwen yon ti mo, yon ti lod de otorite reskonsab yo pou di l sa pou l fe. M sonje lontan, tout kay te konn pinture leu Noel oubyen 18 Mai pral rive !!! Cela vous dit ou vous rappelle quelque chose, Président Martelly?

Ke BonDieu eklere et gide w ak tout manm gouvenman Lamothe la!

Micheline PierrePaul

Return to Message List