Mesaj SEM Michel Joseph Martelly aprè pasaj tanpèt twopikal Isaac sou peyi

Martelly News - August 26 2012, 4:30 PM

Pèp ayisyen,

Mwen vle felisite nou pou ekzanp tèt ansanm nou bay nan okazyon pasaj siklòn Isaac sou peyi a.

Mwen vle konplimante tout enstitisyon nasyonal ki pote kole yon fason pou nou te jwenn èd ak sekou pou frèn ak sèn ki nan difikilte.

Premye minis, minis, Sekretè deta, direktè jeneral, tout gouvènman an, sosyete sivil, la prezidans tout moun ki fè chenn solidarite sa a pou ede, map di yo bravo !

Lè m gade kijan nou youn mete ak lòt pou fè fas ak danje ki tap menase nou an, mwen santi m fyè anpil de nou. E sa vin ranfòse detèminasyon m pou m ofri nou la vi miyò nap tann nan.

Nap di tout volontè benevol ki mete kouray yo, tan yo, biznis prive yo, espas yo a la dispozisyon gouvènman an poul ka bay pèp la akonpayman, map di nou tout bravo epi mèsi.

Nap felisite tou patnè nou yo nan entènasyonal la, tout oganizasyon ki kanpe la avek nou nan bay pèp la asistans; map di nou mèsi anpil tou.

Pèp mwen an,

Menm si Isaac ofisyèlman kite kot peyi a, men la pli ak rès van li kite dèyèl yo fè nou dwe rete veyatif.

Toujou respekte konsey meteo, koute otorite yo, pa pran chans ak dlo kap desann osnon ravin.

Moun kay yo pa trò solid osnon ki nan kan, map mande nou pou nou al nan abri pwovizwa ki pre kote nou ap viv la pandan pasaj siklòn nan. Nan zòn metropolitan nan sèlman, gen plis pase 500 abri gouvènm'an mete an plas. Nan tout peyi a gen bon jan mezi akonpayman ki pran pou ede moun ki nan difikilte yo. Tout jefò sa yo fèt ak kòb ki soti nan trezò piblik la sèlman.

Pandan nap fè tout sa, nou kontinye ap travay pou nou fin retire rès moun kap viv anba tant yo epi bayo yon kote nomal pou yo viv.

Mwen men'm, PM nan ak tout manm gouvènman an nou pral réyini talè konsa, yon fason pou nou evalye ansanm sitiyasyon an epi konnen ki nouvèl dispozisyon pou nou pran.

Ankò yon fwa map mande nou kontinye fè solidarite youn ak lòt. Sak pi fò ede sa ki fèb. Bay ti moun yo, fanm ansent ak andikape yo tout asistans nou kapab.

Solidarite se youn nan pi gwo estrateji nou kapab devlope devan mòd katastròf natirèl sa yo.

Return to Message List

Comments

Tiba says...

You have got to be kidding me! after 2 years you've in power, you just now realized the importance of securing the country and its people from natural desasters. It should take you another 7 dead with 5,000 people left homeless by Isaac to come to t more »

Bernadette says...

The plan is no plan at all. Deal with it. Have not you understand the the plot so far? more »

Nadege says...

Really> you are an idiot. An ignorant bafoon that has no idea what is going on. Why dont u go on a haitain website to see the hard work Martelly hasdone. Moron. more »