Martelly Kontwole Madanm Ou Ak Pitit Ou Nan Lajan Ke Yap Resevwa Nan Non Peyi A

Joubert L - September 1 2012, 10:47 AM

Mwen pap di Ou sa anko. Peyi Ou ke wap jere la se pa menm peyi Preval la, Aristide Ou sinon Duvalier.

Leta de dwa ke wap prone a ka mete Ou ak fanmi Ou anba kod Martelly.

Se ta yon wont pou Ou we ou menm kap konstwi leta de dwa e se Ou menm anko ak fanmi Ou kap detwi li anko. Li le li tan pou Ou limite fanmi Ou nan zafe politik paske se pa yo ki prezidan.

Menm le yo ka gen volonte pou fe bon bagay men si pa gen lod nan sa yap fe yo yap gen problem nan leta koronpi a. Meriken ap teste nou tou ak po de vin pou montre ke nou poko per pou demokrasi vre paske yo pito we yon Ayiti dezod pou backyard yo ke yon Ayiti oganize.

Return to Message List