To take care of my of my Haitian people

Jean Jacques Toussaint - May 22 2011, 8:35 AM

Bonjou, Mr President.

Che presidan-m nan, se pou premye fwa nan lavi mwen map eseye kite mesaj pou you presidan haitien, se pa paske mwen pa konsene nan zafe peyi a, men se paske mwen toujou we si la yo ki monte yo, se toujou bel parol, men san fondman, paske se volonte etranje yo toujou ap explwate.

Yo toujou ap fe volonte grand pyisans yo se sa yo di yo fe, se sa yo fe, men yo pa jan-m tande rel pep la.Yo pa bezwen konnin si pep la grangou e si li swaf, yo pa bezwen konnin si rad e si li pye ate, Yo pa bezwen konnin si li nan fenwa ou si li nan lumie.Men, Mr le President!map prete minute sa a, pou mwen di ou byenvenu nan palais haitien kom 56em president haitien.Men an men-m tan an map pwofite pou mwen ou pa bliye, pep la nan grangou, pep la pye ate, pep la swaf, pep la nan nwa, li amba tant e lap soufri.

Tanpri souple Mr le President we sa ou ka fe pou pep sa a pou mwen ki a la deriv, tout kote li pase se imilyasyion, se mepri, tanpri, tanpri oue sa ou ka fe pou la pou mwen.Pep ou rinmen ampil la, pep mwen rinmen ampil la, pep nou tout rinmen ampil la, tanpri we ou ka fe pou li.Mr president mwen kwe nan ou, mwen kwe nan ou paske ou pase nan peyi etrange ou we kouman peyi etrange mache.Gin lumye, gin mange gin rout, gin securite e gin justis.

Mr president peyi-m nan nan men-ou .Merci
Se: JEAN JACQUES TOUSSAINT.

FET LEOGANE, HABITE A WEST PALM BEACH, FLORIDA.

Return to Message List