Ayiti premye Nwa Indepandan nan le mon n.

Rev Pasteur Zachee Charles Ing. - December 21 2011, 2:55 PM

Mezanmi anpil nan fre ze se nou yo kon nen tre byen listwa Peyi nou tre byen, e anpil nan nou ki pat gen chans pou te ale lekol ka fe jefo pou nou chache konpran n tout sa ke mwen pwal di la a, e ou menm ki te gen chans pou ou te ale lekol mwen kon nen wa pwal kon pran n mwen pi byen toujou.

Mezanmi nou tout kon nen nan oken n peyi di mon n pa janm genyen move te men pito move peyizan, e byen se ka Peyi nou an ke tout mou n kon nen sou non Ayiti yon bel fanm ki genyen plizye koule, nwa rouj, jo n, e petet lot koule anko ke mwen pa kon nen paske mwen pa fi n tro fo nan koule.

Yon jen n fanm ke zanset nou yo te kite nan men nou tou fre, tou bel epi ki te fye de tet li anpil, e ki te granmoun tet li tou.Yon fanm kite kon n telman apfe cado, ou byen van n lot gwo chabrak manje nan tout kwen mon n nan.Yon fanm ki pat janm vle mache sou moun tou dechire, ki pat janm vle mache sou moun san li pa mete yon bon pafin santi bon souli, kite renmen mete bel rob e ki pat renmen mete vye soulye kraze.Yon fanm kite fwekan anpil apre li te fini bay Napoleon kinbe 55 santim li nan plamen l, ak tout lot akolit li yo. Yon fanm ki te di Ansyen Prezidan Antenor Firmin se va male pou li, si li van n Mol Sin Nikola pou tenten nad ou gentan konpran n mwen se pavre, paske menm si nou 75% analfabet men sa pa vle di ke nou se bet pou sa okontre nou se nasyon nwa ki pi entelijan sou la te beni, nou selman gen yon mechanste nan ke nou kont pwop manman nou ki te pouse fe nou nan pousye Bwa Kayiman, ou gen dwa panse sa ke ou vle men nou men m pep ayisyen nou pa enbesil, nou ka sisil paske nou tro vole, paske nou tro save, paske nou tro renmen tout pou nou epi zafe lot ki paka pale yo, zafe lot ki paka vole yo, zafe lot kipa kon nen pale franswa yo ki donk lang Bonapat la, zafe sayo ki paka ale lekol, zafe yo e mwen fout di zafe yo; ah ah tande non monche, ou menm kite gen vye defo sa yo, vye mes sa yo, vye konpotman sa yo, eseye fe yon jefo pou chanje fizi ou a sou lot zepol la, paske sam we pou ou nan gonmen pa ka we li, paske koun n ye a tipapa ti manman se yon lot van kap soufle sou peyi Dayiti, feta tansyon pou bwa ou pa pwan nan moulen, mwen pale ou tande.

Paske tout pitit peyi dwe kon nen ke Vye manman nou Ayiti bezwen sevis tout pitit li yo kelkanswa koule ou, ou te met te rich, ou te met te pigwo intelektyel nan le mon n depi ou se Ayisyen, sa map di ou ke peyi a bezwen sevis nou tout kise pitit li, jounen jodi a an nou mete men nou ansan m avek nouvo Prezidan an e avek tout lot sevite kap sevi leta ayisyen an chanje koule figi Madanm nan ki donk Manman nou tout, pa fe tankou ke ou pa kon pran n mwen, sonje ni mwen ni ou nou pa janm we ki kote ke yo fe yon barik rantre andedan yon ti boutey .Yon fanm kite toujou ap souri menm le swadizan pitit kidi ke yo ren men l yo te refize tande lel pale avek yo.Jou nen jodi a bon Dye ke nou tout te kon n ap priye a pou li voye yon pitit li pou vi n delivre Ayiti li repon tout priye sa yoAmen.

Anvoye ke bon Dye voye te koumanse ap fe travay peyi a depi nan kanpay elektoral li, li te koumanse ap travay menm le li pot ko ofisyelman chita sou chez boure a, men m le li pot ko genyen yon gouveneman anplas, li pa yon jonas, li pa you n nan ansyen zot yo, kite pase sou pouvwa a deja. Men pito yon anvoye de Dieu, an nou mete men ansanm, an nou pote kole, an nou kite tout jalouzi deye tet nou, an nou koumanse apwan n viv ansan m, an nou kriye ansan m Viv Ayiti Viv Prezidan JMM Viv Premye Minis GC Viv Sophie e Viv Ayiti, yon sel nou feb ansanm ansanm nap chanje Ayiti Tet Kale: Heb ch 11 v 40. Rev, Zachee Charles, Ing./USA

Return to Message List