Fellicitation et honneur,remerciment pour les supports du president

Duval Neptune - December 31 2011, 1:40 PM

Mwen se Mesye (DUVAL Neptune).

Mwen bese m byen ba pou m salye w' Prezidan Marthely
Mwen felisite kapasite ou ak tout aksyon w' yo kom you sitwayen Ayisyen.Mwen kotan tande tout sa ou gentan fe ak tout proje ou genyen yo pou peyi a.
Sa fe lontan ou tap predi ou se prezidan dayiti nan anpil mizik ou te fe yo .Mwen swete pep la konnen 1 an paka fe Ayiti chanje 2 zan pako ka fel chanje e Men se ak lanmou tout ayisyen ap gen pou peyi nou ak lanmou n'ap gen pou prezidan nou kap mete ansanm pou chanje figi peyi a.Mwen kontan paske ou prezidan ayiti jodi a.E mwen fache paske se eta sa ou jwenn li.Mwen pa konn kisa pou m ta fe ou byen poum ka kole menm pa m avew pou m ta mete plis fos ak presyon pozitif sou pwogram ou yo pou peyi a ta pran you gran ekstansyon jan ke ou ta renmen l lan, paske se you bon plan li ye.
Se pou Bondye nan gras li louvri pot ki pi di a pou Ayiti peyi nou sou gouvenman w lan, pou n vin gen you Ayiti nouvo.Mesi paske ou te Ede gonayiv, mesi paske ou te sipote leogan, mesi paske w te ede potoprens, mesi pou ayiti .Map mete an dispozisyon 17 santyem te nan Miragoan pou leta sou gouvenman paw la ki ta vle fe you bon bagay pou kominote Miragoan lan.
Se kri kem d pou Ayiti konsa.

Je suis M. (Duval Neptune).

Je vous saluer, Monsieur Pr

Return to Message List