A Message For President Michel Martelly

Patrick Bissainthe - April 8 2011, 10:44 PM

Dear President Martelly,
MESYE PREZIDAN, MWEN VOYE YON GRO KOUT CHAPO BA OU, POU VIKTWA SA A KE OU RANPOTE NAN NON PEP AYSYEN.

68 POU SAN VWA SE PA YON TI BAGAY PITI, E SE PREMYE FWA NAN L'ISTWA PEYI A SA RIVE. SA VLE DI KE MIRAK AYSYEN AN TOUJOU POSIB E JODI A, PEP LA METE KONFIANS LI NAN OU.MWEN PA GEN OKEN DOUT KE OU KA FE TRAVAY LA, E SE YON DEVWA POU NOU TOUT KANPE DEYE'W PA SELMAN AK VOT NOU TE BA OU A, MEN TOU AK VOLONTE POU NOU TRAVAY ANSAN'M AVE'W, POU NOU FE ISTWA PEYI A FE YON KOUB NAN BON DIREKTION.

MESYE PREZIDAN, TOUT MOUN KI CHITA SOU CHEZ PREZIDAN AN, ANTRE NAN L'ISTWA.

KESTION AN SE KIJAN FOTO'W AP YE NAN PAJ ISTWA.

JODI A OU GEN YON TABLO POU OU PINTIRE, PEP LA AK VOT LI A, BA OU YON TABLO SAN ANYEN LADAN, EPI LI METE PINSO A NAN MIN'W, SE OU KI PRAL FE POTRE MICHEL MARTELLY KI PRAL NAN PAJ ISTWA A.NOU KONNEN TACH LA DIFISIL PASKE PA GEN PINTI.

YOUN NAN BAGAY KI TE KONTRIBYE AK SUKSE MICKY, SE KE LI PAT JAN'M KITE SUKSE CHANGE LI, PASKE OU TE TOUJOU JWE TI FOOTBALL OU AVE NOU. PA KITE JOB SA A CHANGE'W. BONNE CHANCE MESYE LE PREZIDAN, KE BONDIE PROTEGE'W E GUIDE'W.

Return to Message List