Haiti - President Martelly Demisyone, Madame Manigat President - Yon Rèv LOL...

Ginou Francois Sou Facebook - July 21 2014, 11:00 AM

Mesye ou wè president Martelly sa a, menm nan rèv president an renmen fè blague wi. Si-m ta di nou ki rèv mwen fè yèswa nou pap kwè mwen non.

Yèswa m reve se president Martelly ki di l-ap demisyone.

lè-l finn di sa a, menm kote a, mwen wè yo gentan fè yon lòt election rapid pou yo ka jwenn yon lòt president ki pou ranplase-l.

Lè election fin fèt, kiyès ki bon kòm president se madame Manigat.

Martelly pa janm di anyen.

Pandan investiture a madan Manigat finn kontan l president, president Martelly parèt, li di se jwe l tap jwe, li pat siyen anyen kote-l di ke-l demisyone.

Epi madan manigat pran rèz, li retounen byen wont lakay li epi president Martelly retounen sou pouvwa l.

Se Ginou Francois ki te poste rev saa sou Facebook :)

Return to Message List