Mézanmi diaspora you, Pi fò nan nou-min'm pas&#233...

Patrick Princivil - July 21 2014, 2:34 PM

Mézanmi diaspora you,

Pi fò nan nou-min'm pasé nan règle fatra a nan payi blan, an nou mété gro bòt nou nan pied nou pou-n fè yon diférans, konplexe pap util nou an-yin, an nou tout kotizé nou acheté gro bwat pou jété fatra pou gouvernement Martelly Lamothe kado, sé payi nou ké li yé payi paka néttoyé tèt li poukon-t li sé nou ki pou fè yo, an nou pa gadé sou lajan, an nou apran fè bénévol pou sové Haïti, tout jèn gason, jèn fan-m kap viv an Haïti an nou pa rété 2 bwa kwazé an nou fè sa chak jou pou nou chanjé koulè Haïti, kòm Prézidan Martelly té nan diskou Samedi 19 Juillet a nou paka sou do bèf la toutan pou nap maltrété li konsa, Prézidan Martelly, Lamothe sé bon bagay an nou kenbé yo la byen di pou yo pa découragé, nou-men' krétyen an nou priyé papa Bondyé nou an ki nan syèl pou antré nan lavi yo ak nan-m yo, konsa sa a ralé yon bénédiction pou tout lòt Prézidan yo ak lidè yo.

An nou fè sa au nom de Jésus, an nou priyé pou Jean Claude Duvalier, Jean Bertrand Aristide, Réné Préval etc. ogèy ak ranki-n pap men-nen nou oken-n koté.

See the related photo:

Haiti - President Martelly Cleaning the Streets

Look at this photo... Haitian president Michel Martelly cleaning the streets of Haiti... Gade photo saa... Prezidan...

Return to Message List