Satisfaktyon e plent pou Peyi mwen Ayiti.

Danny - November 1 2014, 7:54 PM

Bonsoir M Le President: Mwen trè kontan pou vizyonw anvè Ayiti, trè byen, drapo nou flote nan gran peyi, merci,merci.mwen ale Ayiti jiyè 2014,se yon sèl bagay mwen pa satisfè,problèm sanitè,anpil poubèl sitou nan kapital la, mwen konnen, tach sa a, li gen responsab, si pou touris adore epi manje ak kè ouvè,pwôpte a konte.

se pou nou aprann fè anprent lwijan boje yo, ba yo dosye lè yofè bagay mal nan peyi a.Yo pran lari pou 50 a 100 goud.peyi a paka mache, se plen pôch yo wè.se pou nou mete aksè avèk gaz propàn, pou ayisyen ka sispann boule chabon.

travay la pa fasil, men sa ki enpôtan yo, se baz pou nou kômanse, peyi a te malad kouche, pou nou relve li pa fasil.

anpil ti peyi nan antiy, se pa anyen yo genyen pase Ayiti, sèlman yo prôp.pou peyi a byen konstwi, se trè byen pouw fè apèl avèk etranje.mwen rive Gonayiv, trou egou yo pa byen fèt, moun ap tonbe nan trou egou, siklis e motosiklis, enjenyè sa yo pa byen fôme malerezman.

Return to Message List