yon jou kou jodiya ayiti gen pou'l bel

Rev. Ludovic Antoine - October 31 2011, 3:40 PM

Mwen salye volonte ou mouche Prezidan Michel, mwen wete chapo douvan ou ekselans, mwen salye ou ak one respe.

Jodi ya se denye jou nan mwa oktob la, mwa revolisyon an pe rantre demen si papa Bon Dye kontan.

Nou pral fete vetye, kote zanset nou ye te vese san yo pou yo te ban nou libete sou ti bout te saa yo rele Ayiti Toma a.Ekselans, mwen vle mache ak ou avek fyete nasionalis ke ou gen yen nan san ou lan.Mwen pa kwe nan demagog, mwen pa kwe nan pale met la. Mwen kontan mwen gen yen ou tankou prezidan mwen, Mwen vle mache ak ou tankou de fre ki men'm manman men'm papa. Nou rete men'm kote, nou bwe men'm dlo, nou gen men'm vizyon.

Prezidan mwen ta renmen we peyi ya desantralize, trop moun nan potopwens, travay ou komanse ya, li bel mwen renmen'l anpil, kenbe la mouche prezidan, Ou pa bezwen enkyete ou de malveyan ki nan la chan'm yo nou gen pou nou mare yo tout. tout gen dosye devan la jistis.Kite yo bat ko yo toujou se yon ban'n ti visye yo ye, figi yo make je vendais a credit, pa bay tet ou pwoble'm, nan yon ti tan anko tout bagay gen pou nan plas yo. Mwen gen pou mwen rantre nan lane kap vini laa, e mwen men'm pote lide pou mwen travay tankou majistra nan eleksyon ki pral vini yo anba banye Repons peyisan, mwen pral reyini ak tout patizan mwen yo pou we ki kote nan peyi ya ki pi abandone pou nou ka ale pou nou trazay kom sa dwa, pou yon deevlopman manch long jouk le nou we pwoje nou genyen nan kalpen nou reyalize.

Kenbe la Ekselan Michel...

Return to Message List

Comments

Yvrance Unelus says...

I agree with you, Some day Haiti will be beautiful. First of all, Haiti needs Sanitation officers to help keep Haiti clean, because sanitation will play the first role in making Haiti beautiful. Haiti needs home improvement. and Haiti needs to buil more »