mwen ta remen yon system edikasyon san fos kote

Rochenette Lima - December 26 2011, 12:57 AM

Prezidan Martelly.

mwen se yon ayisien kap viv etazini.

mwen te gen chans pou m te antre nan yon fakilte leta le m te Ayiti, le m rive kote map viv la yo evalye not mwen yo, et yo aksepte ampe kredi pou mwen, men mwen gen zammi m ki te nan fakilte prive, le yo rive pa bo isit kote map viv la yo oblije rekomanse a zero paske lekol yo pa acredited jan blan an di l la. epoutan yo gen ampil konesans, souple prezidan ou kapab travay ansam ak tout moun ki nan pouvwa ki nan seksyon edikasyon pou ka rive fe yon examen final pou tout moun kap fini inivesite yo kit se leta kit se prive pou tout moun ta gen chans yo gen yon diplom ki rekonet pa leta mem m jan yo fe l nan peyi Etazini.

A la beni Bondye tap beni w ak tout fanmi w!
Mwen konte sou ou ekselans, se yon pi bon kado ou tap bay jenes la. Mesi davans, Bondye beni w.

Return to Message List