Domestik neg blan an komanse avek metisaj la. Blan je vet ak...

Toulimen Legrand - January 3 2012, 9:29 PM

Domestik neg blan an komanse avek metisaj la. Blan je vet ak blan je ble yo di nap kolonize tout mond avek metisaj domestik la ke nou kite deye nou paske nou se lide e se nou pou yo swiv tout bon. Si milat oubyen elit metis peyi Dayiti te gen fyete yo tap bay blan yo yon leson kote yo tap elimine esklavaj ak domestisite pou tout tan. Yon gran met nan koloni Martinique la ke yo rele Aime Cesaire di ou konsa ke metisaj ke blan kite apre kolonization yo sou neg nwa se yon pwazon motel e peyi neg nwa pap janmen libere si li pa rive kontwole metisaj li a. Si nou te gen bon jan lide ki tap defann peyi a tout bon vre pa tankou Duvalier nan zafe lit nan mitan klas yo, yo tap rive avek yon antant antre tou dwe group yo e kolonizasyon blan an tap fini tout bon vre an Ayiti.

Koulye a se pa milat ou byen elit metis yo kap kontinye li se neg nwa ki vini rich kap aji tankou milat lontan yo. Li pi red koulye a e si nou pa rive ak yon antant ak klas yo pap ka genyen devlopman vre. Mwen di e map redi li si Oge ak Chavannes pat mouri ak tout fanmi anba koonizasyon blan, milat tap toujou rete komande e nou tout tap rete esklav e si Dessalines ak Christophe, Capois Lamort, Lamartine Honorat ak Petion pat mete tet ansamb sou asasina Oge ak Chavannes, Makandal ak Boukman tou nou pa tap endepandan koulye a. Ou we mwen pa ka mande pou eliminasyon okenn group nan peyi a. Defwa mwen fache men mwen reflechi ke selman yon bon jan antant ak tou de group kap rive fe peyi a vanse.

Kidonk se lwa sou reprezantasyon an ki ka evite ben de san andan peyi a. Nou dwe voye pawol sila a monte pou yo retire reprezantasyon depase elit metis la nan fonksyon administratif yo paske zafe sou chak 100 direkte ke twa gren nwa ki genyen an dwe kaba. Se inverse la ki ta dwe fet paske elit metise reprezante selman 3% alo yo pa ka reprezante a 97% nan administrasyon leta yo. Rele Radio Signal FM nan emisyon Doleances an fe pase mesaj la tande.

Kenbe la jamb!

Response to:

Mwen konpran'n wou, min, se ki es's ki pral fe bagay...

Subject:

Sou Chak 100 Direkte Nan Fonksyon Piblik 2 Ladan Yo Se Neg Nwa e 98 Milat

Nan yon peyi neg nwe nou we yon bagay konsa e se sa ki fe problem pep la pa janmen regle depi 208 lane. Elit pa ka...

Return to Message List