Mezammi edem kompran sans mesaj sa a! li ta bon e plis ke bon...

Rochenette - January 12 2012, 1:15 AM

Mezammi edem kompran sans mesaj sa a!
li ta bon e plis ke bon si nan tout kay ta gen yon papa ki pou ta ede timoun yo nan tout aktivite lavi yo. li ta bon ampil si tout gason pran responsabilite yo nan men, mem m jan papa m te fe le li te vivan.

li tap toujou pi bon si tout fam m te gen yon neg kote yo, le yo gen entansyon fe timoun.

li tap anko pi bon si neg sa yo gen yon ti diob pou yo okipe fanmi yo sa vle di madam, pitit etc..

sa mwen pa rive kompran nan sa ki di a, se le intervenant di, yo sipoze mande moun nan si li gen responsabilite financiere lakay li avan yo ba li yon diob. Mezammi ki moun pa gen responsabilite financiere lakay yo?

Si m kompran bien se moun ki gen pitit ki dwe travay! Si se konsa li te sipoze ye nan peyi kote map viv la, mwen pa tap kapab al lekol, habite nan yon kay ni voye ti tchotcho bay ti fanmi m yo an ayiti.

Mwen kwe ke pi gro problem ki ta sipoze rezoud an ayiti san pran tan se problem lamanjay avek problem kay. depi de problem sa yo rezoud tout res yo ap rezoud.

d'ailleurs pou gen papa nan kay fok moun nan rete nan yon kay. mezami an nou sispan n fe dilatwa, an nou rekalkile bagay yo pou tout moun ka patisipe et benefisye nan avancement peyi a.

VIVE LE PEUPLE HAITIEN A TOUT JAMAIS UNI! pour repeter l'ancien General Henry Namphy.

Subject:

Haitian Childrens Need a Father at Home

Hi Mr. President, I would like you to address an issue that could bring a lot of stability, financially, emotionally...

Return to Message List