Reyinyon Konsey Minis yo lendi 13 fevriye 2012

Martelly News - February 14 2012, 3:35 AM

SEKRETARYA JENERAL KONSÈY MINIS YO

REYINYON KONSÈY MINIS YO,
PÃ'TOPRENS, LENDI 13 FEVRIYE 2012

KOMINIKE POU LAPRÈS

Lendi 13 Fevriye 2012 la, Konsèy Minis yo te fèt nan Palè Nasyonal nan Pòtoprens sou Prezidans, Ekselans, Mesye Michel Joseph MARTELLY, Prezidan Repiblik la ki te gen bò kote l, Premye Minis la, Ekselans Garry CONILLE.

Pandan reyinyon sa a, konsèy la te adopte pwojè lwa finans 2011-2012 la ansanm ak pwojè lwa sou Fon Nasyonal pou Edikasyon an (FNE).

Yon lòt bò, sou sa ki gen pou wè ak kesyon enterè jeneral yo, konsèy la te panche tou sou konvokasyon manm Gouvènman yo nan palman an, kote yo t ap gen pou al depoze kèk dokiman administratif, espesyalman paspò, e ki montre yo gen nasyonalite ayisyèn sèlman.

Konsèy Minis yo,

- Konsidere, lè yon moun gen yon dokiman administratif, tankou paspò, sa pa ta kapab yon prèv ki ka lese konprann, moun sa gen yon sèl nasyonalite;

- Kwè tou, rapò ki genyen ant Leta sivil ak kapasite yon moun se yon kesyon prejidisyèl e ki depann de yon tribinal ki trete kesyon dwa moun;

- Ap raple, Prezidan Repiblik la te deja soumèt devan Konsèy Elektoral Pwovizwa a tout pyès li jije ki te konfòm ak sa lalwa te egzije.

E bò kote pa l, Premye minis la te deja soumèt tout pyès li yo devan komisyon ki te fòme nan chanm Sena a ak nan Chanm Depite a pandan pwosesis ratifikasyon li kòm Premye Minis;

- Refere l tou a komisyon Palmantè ki te ale nan plizyè sèvis nan Administrasyon Piblik la ki gen rapò ak kesyon nasyonalite a pou yo te verifye Sitwayènte chak manm ki nan Pouvwa Ezekitif la;

- Rekonèt Pouvwa Legislatif la gen dwa pou l mennen ankèt sou tout kesyon l jije ki nesesè e li gen libète pou l kontinye mennen envestigasyon bò kote tout sèvis ki konsène yo;

Konèy Minis yo deside pou manm li yo pa al depoze dokiman Palmantè yo reklame yo, amwenske gen yon desizyon lajistis ki ta òdone yo fè sa.

Return to Message List