Diskou Chèf Leta a nan okazyon rankont li ak divès elèv jou mèkredi 17 Oktòb 2012 la nan Palè Nasyonal

Martelly News - October 18 2012, 10:50 AM

Jodia sa fè 206 zan depi yo te asasinen papa nasyon an, Ampèrè Jean Jacques Dessalines nan Pon Wouj. Nou konnen tout sa li te pase tout sa li te sibi e tout sa li te fè pou li te kapab bannou endepandans.

Pou l te rive fè sa, Kòmandan an chèf lame endijèn lan, Papa Dessalines te rasanble tout pitit peyi a pou yo te rive kase chenn lesklavaj yo.

Nan konstitisyon 20 me 1805 la, Papa Dessalines te oblije pou ke chak depatman militè peyi a te gen yon lekòl pou bay jenn yo pen lenstriksyon.

Yo asasinen Dessalines san rèv sa a pa gentan reyalize.

Konba sa a ke li te menmen an temwaye enpòtans ke li te bay jistis sosyal ak kesyon ekonomi peyi a. Rèv Dessalines nan ! Rèv sa ki te vle wè yon sosyete kote tout timoun gen menm opòtinite, opòtinite ki kòmanse sou ban lekòl ; Rèv sa a paka mouri !

Pèp Ayisyen

Selon prensip demokrasi, nou te temwaye m konfyans nou lè nou te chwazi m kòm Prezidan.

Youn nan pwomès ke m te fè nou, se poum te voye tout pitit nou lekòl pou yo ka rive jwenn endepans lespri yo e kraze chenn ki mare yo ak lamizè.

Sa se kontinyasyon rèv Papa Dessalines nan. Rèv sa a paka mouri !

Manman lwa peyi a, konstitisyon 1987 la, te prevwa pou tout timoun al lekòl gratis.

Prezidan monte, prezidan desann ! Gouvènman monte, gouvènman desann, sa pa janm rive fèt !

Nan pa ale lekòl, pitit peyi a vinn marye ak lamizè, ki fè ke yo sèvi avè yo pou kraze brize, anfonse l nan plis mizè jodia.

Nou di NON ! Rèv sa a paka mouri !

Rèv sa a paka mouri ! Fòk li vinn yon reyalite tout bon vre.

Dessalines te kraze chenn esklavaj la. Nou menm, ak ledikasyon, nou deside nap kraze chenn ki mare pèp ayisyen an ak lamizè.

Chènn ki anpeche nou al lekòl, chenn ki anpeche peyi a vanse.

Lè nou pèmèt yon 1 milyon 287 mil 214 timoun ale lekòl gratis nou mete gazolin nan machin chanjman papa Dessalines lan.

Pwogram sa ale pi lwen ankò, pase menm jan ak Papa Dessalines, agrikilti gen yon gwo plas nan pwogram Gouvèman mwen an. Se poutèt sa, leta ap mete 400 milyon goud pou pèmèt Pwogram Kantin eskolè a achte manje lokal pou ankouraje pwodiksyon nasyonal la. Pandan lap pèmèt 1 milyon 500 mil timoun benefisye yon plat manje gratis chak jou lekòl. Minis lan pral fè yon rale sou sa.

Men nou pa rete la. Poun pèmèt timoun lekòl yo gen plis chans reyisi nan la vi, nou mande Ministè Edikasyon Nasyonal la, mete sou pye yon pwogram pou bay fòmasyon pwofesyonèl depi nan setyèm ane fondamantal.

Sa pral pèmèt tout timoun gentan jwenn bon jan konesans nan domèn pwofesyonèl lè yo rive nan nevyèm ane fondamantal ki ka pèmèt yo itil tèt yo. Nap kòmanse nan mwa janvye ak plizyè lekòl. Map mande minis edikasyon nasyonal ankò vin bannou plis eksplikasyon sou sa.

Poun kontinye bay jarèt a rèv papa Dessalines lan, nou deside poun fè refòm nan ansèyman siperyè.

Donk se sak fè nap envesti nan konstriksyon nouvo kampis Inivèsitè et nan fòmasyon edikatè ak pwofesè.

Men Gouvènman an pap rete sou sa, pou nou akonpanye etidyan inivèsite leta e piblik yo, ansanm ak Rektora a, nou deside bay chak etidyan yon sibvansyon 18.000 goud e, avan finisman mwa doktòb, leta pral ofri plizyè bous.

Pwogwam Lekòl Gratis la pèmèt nou bay anpil manman ak papa pitit travay nan konstriksyon ak reparasyon lekòl, fabrikasyon ban, chèz, ak tablo, nan koud inifòm et latrye ; epi tou nou ankouraje agrikiltè yo ogmante pwodiksyon nasyonal la nan kad pwogram kantin nan. Lè nou pèmèt yon ti moun al lekòl gratis, pa peye transpò, benefisye kit ak kantin eskolè, nou pèmèt lajan rete nan poch paran yo pou yo ka fè lòt depans.

Ki donk, ledikasyon se yon zouti devlopman.

Zansèt nou yo te itilize zam pou yo fè revolisyon 1804 la. Nan Gouvènman Martelly/Lamothe la, nap fè revolisyon kap pote limiyè ak edikasyon nan lespri tout ayisyen.

Limiyè ki pou fèn divòse ak lamizè.

Wi gouvenman Matelly/Lamothe la ap travay pou jenès la, pou manman ak papa ekolye yo, pou moun ki nan lamizè, pou moun kap viv Pòtoprens tankou nan pwovens.

Gouvenman Matelly/Lamothe la fèk kòmanse travay pou timoun yo, pou jenès la, paske yo se espwa peyi a !

Pèp Ayisyen, Timoun yo

Divizyon ak rayisab, se pwazon.

Antant ak lanmou youn pou lòt se lavi.

Map mande tout moun: Premye Minis, minis, direktè jeneral, jij, majistra, polisye, lidè politik, antreprenè, komèsan, pwofesè, jèn, pwofesyonèl, chofè, ti machann, peyizan, ouvriye, fanm kou gason, timoun kou gran moun alawonn badè:

An nou fè pwomès pou nou youn pa kite lòt dèyè !

Papa Dessalines te fè lendepandans ak zam e ak anpil soufrans.

Jodi a revolisyon pou pwogrè ak chanjman nou dwe fèl ak Edikasyon e respè.

Gwo zouti Ayiti genyen kap gaspiye se sèvo timoun yo. An nou montre nou gran e nou fò lè nou tout mete tèt ansanm pou tout timoun peyi a ale lekòl

An nou pwomèt pou nou mete kanpe yon lòt Ayiti ; yon Ayiti tou nèf.

Defi sa a, se defi nou tout. Nap leve l ansanm Tèt kale !

Mèsi papa Dessalines ! Viv Ayiti !

Return to Message List