Sa ou dwe konnen an peyi Dayiti lide ekonomik yo se repibliken...

Toulimen Legrand - December 21 2011, 8:23 AM

Sa ou dwe konnen an peyi Dayiti lide ekonomik yo se repibliken yo ye e depi 156 lane Ayiti jere selman pa lide politik ki liberal demokrat.

Chef pesonel repibliken ki nan administrasyon leta yo pa janmen vle kolabore ak lide liberal yo e se sak fe yo enkouraje koripsyon e vole tou ki imilye e mete a jenou tout administrasyon dirije pa liberal demokrat yo. Se konsa politik peyi dayiti ye. Si nou vle pou peyi sa chanje nou dwe mete sou pouvwa selman lide ke elit repibliken Ayiti a vle. Mwen mande pou pep Ayisyen vote selman lide repibliken an Ayiti si yo vle we progre ak kontinuite bon bagay.

Na sonje ke Napoleon te di ki Ayiti kite Ayiti kwit nan ji depi se neg nwe ki ta sou pouvwa e le mond antye vle swiv promes sila a e ki ranfose pa elit repibliken an Ayiti tankou nan peyi Meriken kote Afrikan Amerikan po nwe pap janmen rive prezidan e se selman milat Ameriken tankou Obama ki ka jere peyi Meriken e nou ka konpran sa avek destriksyon politik Hernan Cain pa elit repibliken an. Nou dwe aplodi sa Martelly fe ki bon e si nou pa vle destriksyon apre Martelly se nou vote lide repibliken yo. Se selman yon antant ant de klas politik sa yo ki sa sove peyi a tankou peyi Meriken e nou dwe fe yo konnen divizyon politik an Ayiti se destriksyon economik peyi ke se avek neg po fonse Ou po kle tande.

Le yon Ayisyen imilye se nou tout ki imilye kelke swa koule po a tande!

Subject:

Ayiti pwal resi montre le mon n antye ki fanm li y

Mezanmi map profite okazyon Nowel la poum ka di tout vye frem yo ak vye sem yo ki nan 4 kwen peyi ya, e sa yo kap viv...

Direct replies to this message:

Toulimen ki laj Ou paske mouin we ke Ou ok pran...

Toulimen,as much as I like u as one of the most...

Return to Message List